opinyon
Kou sa a se pou moun ki pa janm etidye Panyòl oubyen ki gen ide nan lang la men ki vle kontinye aprann plis. Kou sa a pral pèmèt ou jwenn konesans nivo debaz lang Panyòl la pou amelyore fason w konprann son ak ekspresyon oral epi ekspresyon ekri toutpandan nap konsantre sou travay pratik pou ede w.
Deskripsyon kou a
Deskripsyon kou a
Lide a se edew aprann yon lang etranje ki pral edew kominike ak antouraj ou, nan travay ou (pou fè ti tchotcho a) oubyen lè wap vwayaje.
Lang Panyòl la se youn nan lang prensipal yo nan kominikasyon entènasyonal la, ansanm ak anglè ak fransè. Yo estime gen anviwon 585 milyon moun kap itilize lang sa nan plizyè domèn. Se youn nan rezon ki fè yo metel nan katriyèm poziyon mondyal selon yon atik sou Wikipedya.
Nou espere ou pral kontan aprann yon nouvo lang byen rapid nan fason nap anseyew la!
Sak fè kou a enteresan
Metòd la se 30% teyori epi 70% pratik! Tout pandan wap swiv yon pwogram ki byen chapante (nan lòd pou byen aprann) ou pral jwenn yon seri tès/egzamen kap edew verifye èskew byen konprann saw aprann yo.
Kisa wap bezwen
Siw gen yon òdinatè li pi bon. Siw pa genyen, se pa grav. Yon tablèt oubyen yon telefòn entèlijan ap edew fè wout la. Wap bezwen entènèt tou. Men nou panse ak difikilte anpil moun ka jwenn ak entènèt la, platfòm nan ap pèmèt ou swiv kou a menm siw pa genyen entènèt tou. Nap ekplikew kijan pou fè sa. Kèk kalite ak espri wap bezwen se:
- Motivasyon
- Pèsistans
- Kolaborasyon


