Aksesib pou tout moun
Oukaap ap ede w devlope konpetans pratik nan domèn anplwayabilite, antreprenarya ak dijital pou kreye opòtinite, travay epi jenere revni.
Sipòte yon moun. Finanse yon fòmasyon. Chanje yon lavi.
Anpil moun vle aprann, travay oswa kreye yon aktivite, men yo pa konnen ki kote pou yo kòmanse.
Oukaap ap gide w pou devlope konpetans ki itil, konkrè epi ki aplikab dirèkteman nan lavi reyèl.
Twa chemen pou konstwi konpetans ou epi louvri nouvo pòt.
Devlope konpetans solid pou travay avèk seryezite ak efikasite.
CV ak entèvyou
Kominikasyon pwofesyonèl
Biwotik ak zouti travay
Aprann kreye yon aktivite ki itil epi jere resous ou avèk sajès.
Vant ak maketing
Jesyon ak òganizasyon
Kreyasyon biznis
Sèvi ak zouti dijital yo pou travay, aprann epi kreye opòtinite.
Enfòmatik ak biwotik
Web ak zouti dijital
Baz nan teknoloji ak entèlijans atifisyèl
Kòmanse nan pwòp ritm ou: aprann oswa pratike.
Swiv chemen ki klè e pwogresif pou konstwi konpetans solid, etap pa etap.
Patisipe nan seminè konkrè kap pèmèt ou aji rapidman epi kreye premye rezilta w yo.
Aprann nan lang manman w : kreyòl, fransè, panyòl oswa anglè.
Teste konesans ou ak aktivite entèaktif nou yo.
Aprann, echanje lide, epi avanse selon vitès pa w.

Cette section est actuellement en développement. Merci de votre patience — elle sera disponible très bientôt !